Arranco el Invierno conocé nuestras increíbles ofertas y promociones en miles de libro  Ver más

menú

0
  • argentina
  • chile
  • colombia
  • españa
  • méxico
  • perú
  • estados unidos
  • internacional
portada Evanjelizasyon Pou Ti Moun
Formato
Libro Físico
Idioma
Creole
N° páginas
52
Encuadernación
Tapa Blanda
Dimensiones
19.1 x 14.0 x 0.3 cm
Peso
0.06 kg.
ISBN13
9781635801972

Evanjelizasyon Pou Ti Moun

Rafael Serrano (Autor) · Mesoamerica Discipleship Ministries · Tapa Blanda

Evanjelizasyon Pou Ti Moun - Serrano, Rafael

Sin Stock

Reseña del libro "Evanjelizasyon Pou Ti Moun"

Nou pap janm kapab doute sou gwo travay evanjelis yo k'ap mennen moun vin jwenn Jezi ki se Kris la. E poutan, li bon pou nou souliye ke te deja genyen yon seri de aksyon de pi avan evènman evanjelistik la ki te déjà kòmanse prepare chemen an, tankou lapriyè demann yo devan Bondye pou yon moun, yon envitasyon, yon konsèy, yon bon temwayaj, etc. Fòm apwòch sa yo te kòmanse itilize nan yon jenerasyon pou rive sou yon lòt, jouskaske li rive nan tan ke n'ap viv Jodi a, sa ki lakoz ke kretyen yo vin plis pwopaje toujou.Nou kwè ke bèl travay evanjelizasyon an ap pote plis fwi toujou si nou mete aksan sou sa ki mansyone anlè yo, epi anplis de sa, antan ke legliz, n'ap travay pou ke nou rive atenn li. Manyèl Evanjelizasyon pou ti moun sa ofri kèk konsèy pou ede w nan gwo travay sa ki gen pou wè avèk ti moun yo.Nan sans sa a, nou tout nou rekonèt ke rezilta travay evanjelizasyon an pa baze sèlman sou efò ke moun kapab fè; paske pi bon efò evanjelistik yo pap itil anyen, si nou neglije entèvansyon endispansab Lespri Sen an. Nou dwe note ke evanjelizasyon an se pa sèlman al fè disip; paske si se konsa nou ta konsidere li, nou pa t'ap diferan ke farizyen yo. Travay evanjelizasyon an gen pou wè ak prezante ti fi ak ti gason yo bay Kris la, antan ke moun ki kapab transfòme lavi yo a.Objektif evanjelizasyon an se pou ede ti moun yo avèk fanmi yo; yon fason pou ke kondisyon lavi yo kapab chanje pa mwayen pouvwa transfòmasyon Jezi ki se Kris la, sa k'ap pote yon kwasans nan legliz la kòm degi.Depi yon bon bout tan, pami kretyen yo, nou kapab remake ke genyen yon revèy ki eklate sou koze enpòtans evanjelizasyon an. Legliz la se mwayen ke Seyè a Jezi ki se Kris la te chwazi pou akonpli devwa sa. Se poutèt sa ke nou dwe mete tèt nou ansanm epi travay avèk objektif pou ke misyon evanjelistik sa kapab rive nan bout li jan sa dwe fèt la.Atravè evanjelizasyon ak pwoklamasyon lanmou Jezi ki se Kris la, Pitit Bondye vivan an, antan ke sèl moun ki ofri limanite lavi ki pap janm fini an, pliske nou va wè chanjman an nan lavi ti fi ak ti gason yo. Nou dwe toujou genyen nan tèt nou ke levanjil la se "...pwisans Bondye pou Sali tout moun ki kwè..." (Women 1:16).Manyèl evanjelizasyon sa se fwi eksperyans ak gwo travay ki fèt avèk ti moun yo. Objektif li se fasilite travay tout moun sa yo ki enterese nan misyon evanjelizasyon ti moun yo. Nou swete ke tout sa k'ap gen pou pataje yo ap pote yon gwo sipò pou moun sa yo ki santi yo motive pou pran responsablite sa ki pral yon gwo benediksyon pou legliz Kris la.

Opiniones del libro

Ver más opiniones de clientes
  • 0% (0)
  • 0% (0)
  • 0% (0)
  • 0% (0)
  • 0% (0)

Preguntas frecuentes sobre el libro

Todos los libros de nuestro catálogo son Originales.
El libro está escrito en Creole.
La encuadernación de esta edición es Tapa Blanda.

Preguntas y respuestas sobre el libro

¿Tienes una pregunta sobre el libro? Inicia sesión para poder agregar tu propia pregunta.

Opiniones sobre Buscalibre

Ver más opiniones de clientes